Prezidyòm 20yèm Kongrè Nasyonal Pati Kominis Lachin nan (PCC) te louvri 16 oktòb 2022, kongrè a ap dewoule soti 16 pou rive 22 oktòb.
Prezidan Xi Jinping te patisipe nan reyinyon an epi li te fè yon diskou enpòtan nan dat 16 oktòb 2022.
Baze sou rapò a, Xi te di:
"Pou nou bati yon peyi sosyalis modèn nan tout aspè, nou dwe, anvan tout bagay, pouswiv yon devlopman kalite siperyè. Nou dwe aplike nouvo filozofi devlopman an nèt ale e fidèlman sou tout fron, kontinye refòm pou devlope ekonomi mache sosyalis la, ankouraje yon ouvèti ki gen yon wo nivo, epi akselere efò pou ankouraje yon nouvo modèl devlopman ki konsantre sou ekonomi domestik la epi ki prezante yon entèraksyon pozitif ant koule ekonomik domestik ak entènasyonal yo."
Men kèk pwen enpòtan nou ka tire nan diskou Xi Jinping nan, dapre rapò yo:
Politik ekonomik domestik
"Akselere efò yo pou ankouraje yon nouvo modèl devlopman ki konsantre sou ekonomi domestik la epi ki prezante yon entèraksyon pozitif ant koule ekonomik domestik ak entènasyonal yo." Y ap fè efò pou ranfòse dinamism ak fyab ekonomi domestik la pandan y ap angaje yo nan yon nivo ki pi wo nan ekonomi mondyal la.
Modènize sistèm endistriyèl la
"Avèk mezi pou avanse nouvo endistriyalizasyon, epi ranfòse fòs Lachin nan fabrikasyon, kalite pwodwi, ayewospasyal, transpò, sibèspas, ak devlopman dijital."
Fpolitik etranjè
"Annou tout mete tèt ansanm pou nou fè fas ak tout kalite defi mondyal yo."
"Lachin respekte Senk Prensip Koeksistans Pasifik yo nan pouswiv amitye ak koperasyon ak lòt peyi yo. Li angaje nan ankouraje yon nouvo kalite relasyon entènasyonal, apwofondi ak elaji patenarya mondyal ki baze sou egalite, ouvèti ak koperasyon, epi elaji konvèjans enterè ak lòt peyi yo."
Eglobalizasyon ekonomik
Li angaje l pou l travay avèk lòt peyi yo pou ankouraje yon anviwònman entènasyonal ki fezab pou devlopman epi kreye nouvo motè pou kwasans mondyal, Lachin jwe yon wòl aktif nan refòm ak devlopman sistèm gouvènans mondyal la. Lachin defann yon vrè miltilateralism, ankouraje plis demokrasi nan relasyon entènasyonal yo, epi li travay pou fè gouvènans mondyal la pi jis e pi ekitab.
Reyinifikasyon nasyonal la
"Reyinifikasyon konplè peyi nou an dwe reyalize, epi li kapab reyalize, san dout!"
"Nou toujou montre respè ak swen pou konpatriyòt Taywann nou yo epi nou travay pou nou pote benefis pou yo. Nou pral kontinye ankouraje echanj ekonomik ak kiltirèl ak koperasyon atravè detwa a."
Dat piblikasyon: 18 Oktòb 2022